Ansyen Liv Jasé a
Haitian French Creole
About The Book
<span style=background-color: rgba(255 255 255 1); color: rgba(83 90 98 1)>Genyen anpil liv istwa ansyen ke Ekriti Sen an mansyone ak rekòmande pou mwen avè w ka li e konprann istwa ansyen yo pi byen. Liv Jasé a se youn nan ansyen liv sa yo ki toujou egziste. Yo refere li nan Joyze 10:13; 2 Samyèl 1:18; ak 2 Timote 3:8. Volim sa a genyen tout 91 chapit yo plis yon analiz detaye sou kèk pwen ki ta sanble yo nan dezakò; kont istori ak referans kwaze ak tablo detaye pou fasilite liv sa.
<span style=background-color: rgba(255 255 255 1); color: rgba(83 90 98 1)>Se yon liv ki gen orijin istorik Ebre ke yo mansyone plizyè fwa nan Ansyen Testaman an e menm jan ak set premye liv kanon yo Ansyen liv Jasé a ban nou istwa sa yo nan yon fason elaji e detaye. Pa egzanp Kreyasyon lòm repons a kesyon sa yo Kijan Ezou te fè mouri? Kiyès Balaram pitit Beyò a te ye vre ak pitit gason l yo? Ki moun Enòk te ye ki fè l te monte nan syèl tou vivan? Ak kijan l te SENYÈ a plezi nan fason li te mennen lavi li? Kote baton Moyiz lan te sòti? Ki jan nimwòd te dirije mond lan ak kijan li te fè mouri? Kiyès Zefo pitit gason Elifaz ak pitit pitit Ezou a te ye? Ki zak Zefo pitit pitit Ezou a te fè ki ta pral pout toutan chanje ki jan Ejipsyen yo t'a pral wè Izrayelit yo? E ki jan aksyon l te kontribye nan esklavaj Izrayelit yo? Poukisa BonDye te detwi Sodòm ak Gomò toudenkou?
<span style=background-color: rgba(255 255 255 1); color: rgba(83 90 98 1)>Patriyach yo ak anpil evènman nan enterè kolektif ak relijye ke moun ta renmen konnen enben liv Jasé a reponn ak anpil lot kesyon e istwa kout ke La Bib pa bann nou twòp detay sou yo. Oswa istwa ki pa nan Bib lan men pi devan kèk pasaj fè alizyon avèk yo. Epi nou prezante not nan fen liv lan nan yon deskripsyon kout sou liv sa a. Gen kèk Bib ki genyen Liv Jasé a tankou Bib Latin Vulgate la ak Ekriti Sen an ki soti nan FIRST CHURCH OF OUR LORD JESUS CHRIST sitiye nan Philadelphia PA.
<span style=background-color: rgba(255 255 255 1); color: rgba(83 90 98 1)>Malgre ke Legliz Katolik la te retire liv sa a nan kanon Biblik la nan yon pwen oswa yon lòt li toujou rete kòm yon liv yo plis renmen nan pami moun ki li li yo. Nou espere ou renmen liv sa a epi ajoute li nan koleksyon ou pou w jwenn plis enfòmasyon yo pa jwenn nan Ekriti Sen an.
<strong style=background-color: rgba(255 255 255 1); color: rgba(83 90 98 1)>Se Ministè Reyalite Ebre ki te pote ba ou Ansyen Liv Jasé a.
Piracy-free
Piracy-free
Assured Quality
Assured Quality
Secure Transactions
Secure Transactions
Delivery Options
Please enter pincode to check delivery time.
*COD & Shipping Charges may apply on certain items.
Review final details at checkout.
downArrow
Details
LOOKING TO PLACE A BULK ORDER?CLICK HERE