Ayiti tounen vin jwenn Bondye
Creoles And Pidgins

About The Book

Istwa toujou bezwen yon moun ki pou kòmanse l. Nan Kòmansman Bondye kreye syèl la ak tè a. Apre sa Bondye chache jwenn yon moun ki gen kè ki dwat pou l ka kontinye istwa.Depi nan kòmansman jouk jounen Jodi a, te toujou genyen nonm ak fanm ki se moun Bondye ki chwazi kite tout bagay pou pou yo reponn ak apèl Bondye. Apre tout rimè nou fin tande sou nasyon sa, mwen kwè gen kèk nan nou pami tout moun ki sou latè k ap poze tèt nou keksyon sa: sa k ap pase reyèlman an Ayiti la? Jodi a, mwen ta renmen ede nou konprann reyalite nasyon sa. Bondye se repons nou, menm jan li te repons pou pèp Niniv la ak pèp Izrayèl la lè yo pa t konnen sa pou yo fè. Nan ane 1904, Galwa yo t ap pase nan yon moman ki te difisil anpil. Bondye toupisan an te fè pwovizyon pou yo, pou yo te kapab soti nan sa yo te ye a. Bondye te pete yon kokenn chenn revèy espiriyèl nan mitan yo tankou li te fè jou lapannkot la, konsa nasyon sa te kòmanse ekri yon lòt paj istwa. Objektif mwen, gras ak sipò priyè nou, se pou ekri lòt paj istwa pou nasyon Ayisyèn nan kapab soti anba grif ansyen lisifè, zanj limyè ki tonbe nan fè nwa a epi ki sere kle pwosperite nou nan fon lanfè depi plis pase desanzan. Menm jan lè wa Neboukadneza t ap chache jwenn yon repons pou l te kapab konnen sa k gen pou rive, li te jwenn li anwo. Paske se Bondye ki te repons lan e se li ki toujou repons lan jouk jounen jodi a e pou tout tan gen tan. Enbyen, Pwoblèm nasyon nou an e Pwoblèm tout lòt nasyon ki gen nan mond lan pa ni sosyal ni materyèl, men se yon pwoblèm espirityèl. Nou dwe tounen vin jwenn Bondye paske li se repons lan. Mwen priye Bondye pou l kontinye beni nou epi pou l ban nou lajwa nan liv sa. RemèsimanMwen vle sezi okazyon sa pou m remèsye fanmi m, an patikilye madanm mwen Myrlène ak pitit mwen yo, m ap di mèsi tou ak chak frè m e sè m an Jezi Kris pou sipò yo ban mwen nan moman mwen te plis bezwen l lan. Mwen mande Bondye toupisan an pou li beni nou nan tout sa n ap fè !Mèsi anpil !
Piracy-free
Piracy-free
Assured Quality
Assured Quality
Secure Transactions
Secure Transactions
Delivery Options
Please enter pincode to check delivery time.
*COD & Shipping Charges may apply on certain items.
Review final details at checkout.
downArrow

Details


LOOKING TO PLACE A BULK ORDER?CLICK HERE