Li pa t janm yon sekrè pou pèsonn mete lang tout Ayisyen pale a Kreyòl lang nasyon an chita bò tab la. Se te toujou youn nan pi GWO batay nan vi sosyal kiltirèl e politik peyi a!Se te tèlman yon gwo goumen anpil konpatriyòt inosan te tonbe e se te san nesesite. Batay la te fèt nan tout klas yo: anwo kou anba.Sa ki te pi dwòl nan sa batay la t ap fèt se te pou ede ak fasilite klas defavorize yo. Sepandan nan yon tan se te yomenm ki te pote banyè opozisyon an.Anpil nan yo te konn di : Ou vle pitit nou pale Kreyòl pandanstan piti pa w yo ap toujou pale bon Franse ak jwenn bon travay.Yo pa t di manti -- Tout Prezidan edikatè pwofesyonèl palemantè doktè fonksyonè nan peyi a se Franse yo te pale anpil nan yo jiskaprezan pale l malman men ! - Se yon alyenasyon ki te pran rasin depi nan lesklavaj.Atitid refraktè mas yo te pèmèt klas anlè yo bat bravo. - Men pòvdyab yo yo pa t konprann; se pa te fòt yo. Se te fòt gouvènman yo ki pa te janm vrèman gen matirite entelektyèl pou yo te konprann yon lang se yon zam pou tout aksyon. Tankou mwen pa p janm sispann di Lang pa lanmè men li kapab neye w. Antouka apre tout goumen jodi a nou vanse rive ! E san patipri fòk nou jwenn kouraj remèsye Jean-Bertrand Aristide. Se limenm antan Prezidan nasyon an ki te pote lang manman li anndan Nasyonzini epi tou devan lemonn. Kidonk jodi a Kreyòl 35èm lang nan Nasyonzini. Nou pa p ajoute diplis paske tout sa ki merite di anndan liv la. Sepandan n ap di tout pyonye yo mèsi an patikilye Christian Beaulieu avèk Doktè Yves Déjean. Inisyasyon Nan Kilti Ak Lang Kreyòl Ayiti: Pyonye Yo -- Bob Lapierre
Piracy-free
Assured Quality
Secure Transactions
Delivery Options
Please enter pincode to check delivery time.
*COD & Shipping Charges may apply on certain items.