Lèt Ife ak Soul Michel-Ange Hyppolite -Kaptenn Koukouwouj- (2006) Tanlapli Frantz Benjamin (2006) Langay Lanmou Henri-Robert Durandisse (2007) 126 Lèt Damou Jocelyne Trouillot (2011) tout se liv ki nan kategori lèt. Genyen tou Deny Dorvil ki anbake nan apwòch ekri lèt la. Men li pito rele lèt yo Biyè. Konsa nan ane 2023 li te ekri Tibiyè Pou Granpapa Desalin. Jounen jodi a nou gen okazyon prezante nou Jakopyevèt: Ife ak Soul pou lavi. Se yon jalon anplis nou ap poze pou nou anrichi kategori literè ki rele Lèt la. Sa ki enteresan nan travay ki fèt nan kategori literè sila a sèke jouk jounen jodi a ekriven yo pa senpman pale sou lanmou oswa pwoblèm sosyal. Lèt sa yo se toujou yon pretèks pou otè sa yo pran an konsiderasyon yon kòz inivèsèl kòm ankraj pou yo abòde kèk pwoblèm ekzistansyèl.
Piracy-free
Assured Quality
Secure Transactions
Delivery Options
Please enter pincode to check delivery time.
*COD & Shipping Charges may apply on certain items.